Bergman Fleury

52 Pwovèb pou lavi miyò : ak lòt pwovèb sajès kreyòl ayisyen

  • En solde
  • Prix régulier $0.00


Détails

Auteur : Bergman Fleury
Éditeur : Les Éditions du Cidihca
Collection : Folio
Date de parution : 07/01/1972
ISBN : 9782894544419
Langue : créole
Catégorie : Langues
Catégorie 2 : Kreyòl ayisyen

Résumé

Pwovèb se yon jan literè ki chita sou lanonima e loralite. Poutèt sa li ta sanble pa gen anbisyon pou avansman lapanse, chanjman mantalite, kraze baryè prejije. Poutan, se yon fòm diskou twoub, aveglan, pa konsekan yon danre presye ki boulvèse vizyon yon lektè ou siprann yon oditè. Kòm edikatè eksperimante, Bergman Fleury konprann sa byen; e, li leve defi a kòmsadwa avèk yon echantiyon sa li rele «pwovèb-sajès » pou bati lavi miyò....
Pwovèb kreyòl la se yon bèl demonstrasyon sa semyotisyen italyen Umberto Eco a rele yon «oeuvre ouverte », yon mesaj tou louvri nan divès sans depi lontan epi pou lontan. Pwovèb la, kòm konsèp (concept) e kòm chapant pa janm vle di yon sèl reyalite e li pa gade nonpli nan yon sèl direksyon, se yon ti badin 4 fas.